Skip to content

Premye peche nou

 @shelsonjacques deside bay kout men nan tradiksyon biyè blòg La loi de ma bouche yo an kreyòl. Li fèt e grandi Gonayiv. Li gen yon fòmasyon nan Syans Jiridik. Li se manm plizyè òganizasyon sèvis sosyal, sitou nan domèn pwomosyon ak defann dwa moun. Ansyen chanpyon nan konkou dikte kreyòl, Shelson swete lang lan pran plas li tout bon vre nan ledikasyon, pwodiksyon syantifik, pataj enfòmasyon ak tout lòt domèn ki konsène ayisyen. 


Se te yon fwa, premye kadinal, nan yon ti peyi nwa tankou Cham, pòv tankou Job. Se te premye fwa ti peyi nwa pòv sa a ki madichonnen 2 fwa ta pral wè yonn nan pitit li yo k ap pote koulè wouj vyolèt kadinal yo. Tout peyi a fè yon gwo fèt pou  li epi remèsye Lepap nan lavil Wòm pou gwo kokennchenn onè sa a. Kadinal la remèsye peyi l, jan sa abitye fèt nan Legliz, ak yon kout kouto nan kè.

Nan premye vwayaj li nan peyi letranje sou kouvèti kadinal li a, Chibly Langlois, piske se de li n ap pale, pandan yon ti chita pale li te genyen ak The Guardian pwofite akize vodou a kòm responsab tout malè nou yo. Agiman li bay la se yon bèl blag. Vodou a jan w wè l la, se solisyon « majik » sèlman li bay – tankou akò El Rancho a? – men li pa rezoud okenn pwoblèm tout bon vre pou pèp la. Relijyon zansèt nou yo, tankou yon boulèt ki mare nan pye nou, ta sanble se pi gwo bagay ki anpeche nou devlope. E nou konn sa. Prèv li kenbe pou sa, se paske nou pratike l lannuit – paske nou wont sa.

Kadinal la te dwe di sa k fè pèp Ayisyen an pale ak Bondye li yo lannuit, se paske Bondye enbesil ki te mete l nan esklavaj yo te pran kontwòl lajounen an. Kadinal la pa di se paske zansèt yo t ap evite blanchiman ki fè yo te pratike l ankachèt. Kadinal la bliye di kanpay kont sipèstisyon Legliz Katolik yo te lakoz moun yo pratike plis ankachèt, poutan se menm Legliz sa a ki fè bè nan vann gras ak kenkay.

Akoz pale anpil deklarasyon li a te fè, Kadinal Langlois te prese fè konprann pawòl li yo se te nan kad misyon preche levanjil li a– alòs ak tout respè li genyen pou relijyon pèpè malfezan yo rele vodou a. Sa ki pi dwòl nan tout fyasko sa a, se moun ki sezi pou deklarasyon premye kadinal ayisyen an. Nou prèske anvi di li dwòl tankou jan nou jete vodou  apre gwo batay pou lendepandans lan pou nou ka pran Legliz Katolik, manman peyi kolon yo ki se premye pitit fi l.

Se petèt pi gwo erè nou te fè. Erè ki ta pral trennen tout lòt yo. Premye peche nou. San pyès bon konprann, nou aksepte zouti malveyan yo te sèvi pou mete nou nan esklavaj la pou nou ka montre nou se moun eklere tou. Epi, nou mete abse sou klou lè nou deside ba yo fè ledikasyon pitit nou.

Sou prezidan Geffrard, Concordat de Damien (Prezidan Boyer te kòmanse negosye depi 1818 epi ki fin konkli an 1860) te bay kondisyon batba nou an konsa :

Atik 1 .- Relijyon katolik apostolik ki soti lavil Wòm nan ki se relijyon pifò moun nan pèp Ayisyen an pratike dwe genyen pwoteksyon espesyal e tout moun ki reprezante li yo nan peyi d Ayiti dwe jwi privilèj ki kadre ak yo.

Atik 16 .- Prezidan Repiblik d Ayiti a ansanm ak otorite nan Vatikan deklare pa gen pyès dispozisyon lalwa nan peyi d Ayiti ki ka kontrekare anyen ki di nan Akò sa a.

Relijyon espesyal sa a jwenn kado lajan nan men leta epi nou ba l fè lekòl pou elit nou yo. Alòs, pyès moun pa dwe sezi lè moun sa yo ki santi yo tèlman enferyè ap chèche sanble ak blan an pandan y ap meprize moun ki sanble avè yo.  Nonplis tou, pèsonn pa dwe sezi si premye kadinal la genyen menm konpòtman an.

Sa ki bay plis laperèz, se paske nan 21yèm syèk sa a, 134 lane apre Nietzsche fin konstate lanmò Bondye, se lè sa a li kontinye ap mache toutouni nan mitan  moun. Avanyè la a, Legliz Katolik sèvi ak Kadinal dandevan li a pou l ba nou rekòmandasyon nou pa bezwen. Se menm Legliz sa a k ap fè vodou a lamoral la ki pandan moman eleksyon yo patisipe nan kraze manm tout enstitisyon peyi a ak lage l nan twou, kriz sou kriz, nan siyen akò dwategòch.

  • Nan dat 26 desanm 2013, Chibly Langlois ki se evèk Comission Episcopale Haïtienne – li te gentan ap frape – fè konnen yo mete sou pye yon komisyon evèk ki ap la pou fè abit nan negosyasyon janvye 2014 yo ki ta dwe pèmèt nou soti nan kriz moman avan eleksyon yo. Evèk la ki ta pral kadinal nan pita, pèmèt Legliz li a foure bouch nan tout gwo diskisyon ki konsène sosyete a pandan l pran daso nan plas Plateforme inter-religieuse Religion pour la Paix a. Mouvman gwo ponyèt sa pèmèt li montre fòs li sou teren an ki ta pral lakoz katye jeneral lavil Wòm nan gen je sou li.
  • 4 fevriye 2014, yo jwenn yon antant ki di ap genyen yon sèl eleksyon. Sou konsèy gran konesè tankou yon sèten Pierre Louis Opont, e menm jan ak gwoup blan yo, kadinal la dakò ak lide ki ta vle fè kwè fòmil yon sèl eleksyon an ap pèmèt nou fè gwo ekonomi lajan. Vin rete pou yo tabli enstitisyon k ap òganize eleksyon yo. Zafè ! Kimele moun si MOPOD, premye mouvman opozisyon an pa nan negsosyasyon yo depi yo jwenn yon antant.
  • 15 mas 2014. Antant lan siyen. Kadinal la soti lavil Wòm ak tout bèl rad wouj li. Li ka bat lestomak li kòm gwo abit ki mete Pouvwa a ansanm ak senatè Steven Benoît dakò…anvan malere a te jwenn tan pou l li sa li te siyen an. Akò El Rancho sa a ki te fè anpil moun fache depi lè li siyen an te prevwa pou premye pati eleksyon yo fèt 26 oktòb 2014. Men, gwoup 6 senatè bèkfè yo te kanpe an kwa, yo te tounen chatiman pou Core Group la ak kominote entènasyonal la.

Depi lè sa a, Legliz katolik ap eseye tanbile ak kriz anvan ak apre moman eleksyon yo nan kreye komisyon vire tounen. Li egzije e li dakò sèlman avansman ki koresponn ak egzijans li, sou baz kritè li menm sèl konnen epi li fè sa avèk yon ògèy yonn nan echèk li yo pa ka jistifye. Petèt li lè li tan pou Legliz sispann ede nou. Li fè twòp.

Gwo jodi jou Senyè a – ki tou tonbe dènye jou premye mwa nan ane 2016 la – an nou mande e swete pou Bondye sispann fè tèt li pase pou Seza nan peyi d Ayiti.

 

 

Version originale : "Notre péché originel". 
Publiée le 31 janvier 2016 par @patriciacamilien.

Cet article est également disponible en : French

2 thoughts on “Premye peche nou Kite yon kòmantè

  1. Bonjou madam Camilien ! Mèsi pou anpil presizyon ou pote pou moun kap swiv blog ou a nan atik sa a. Men ta sanble gen yon ti konfizyon yon kote. Presizeman kote ou ekri :” Sou prezidan Boyer, Concordat de Damien (1860) an te bay kondisyon batba nou an konsa”. M sipoze ou fè referans ak prezidan Jean-Pierre Boyer ki mouri depi vè lane 1850 yo. Eseye reverifye prezidan Ayiti nan epòk sa a pou nou silvouplè. Mèsi !

Leave a Reply to Patricia Camilien Cancel reply

%d bloggers like this:
Skip to toolbar