La loi de ma bouche

#PaFèSilans – Pawòl bondye ki ankouraje vyòl – Pati 3: Kadejak nan Labib

Publicités

Ce billet fait partie d’une série retranscrivant un épisode du podcast Koze Kilti Vyòl, retrouvez les parties précédentes en cliquant sur le lien correspondant:


Pati 3: Kadejak nan Labib

Nou pale ansanm de kijan istwa nan bib la alimante kilti vyòl nan:

  • blame viktim lan, non sèlman se fanm ki lakòz peche, fanm kondane pou l toujou sou sa epi obeyi gason 
  • banalize, tolere agresyon seksyèl, Lòt ki jis bay pitit fi l yo nan plas zanj yo men tou pitit fi l yo jis dwoge papa yo, san pa gen ankenn kondanasyon zak la 
  • defini gason tankou chèf k ap pase lòd epi fi tankou sibaltèn ki sou zòd gason
  • defini fanm tankou yon moun ki enferyè ak gason

Kounyeya, lè a rive pou n pale sou kisa lalwa bondye a di sou kijan pou n trete zak kadejak la. Pou sa, nou prale nan Detewonòm chapit 22, soti vèsè 23 rive 29 ki ap eksplike ki lè pou yo pa lapide – sa vle di touye ak wòch – yon jenn fi yo jwenn k ap fè bagay ak yon moun li pa marye ak li. N ap gad tout 7 vèsè yo pou etabli kontèks la:

Si yon jenn fi tifi fiyanse ak yon nonm epi yon lòt nèg kontre avè l’ nan yon lavil, li kouche avè l’ epi moun bare yo, n’a kalonnen yo wòch jouk yo mouri. Jenn fi a va mouri paske se nan mitan yon lavil li ye, li ta ka rele mande sekou.

Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fiyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n’a wete bagay mal k’ap fèt nan mitan nou.

Men si se andeyò lwen kay moun nèg la te kontre ak jenn fi fiyanse a, epi li kenbe l’, li kouche avè l’, se nèg la sèlman ki pou mouri.

Yo pa gen dwa fè jenn fi a anyen, paske li pa fè anyen la a pou li ta merite lanmò. Se menm jan si se te yon nonm ki atake yon lòt epi li touye l’.

Nèg la te kontre avè l’ andeyò lwen kay. Jenn fi a te ka rele, men pa t’ gen pesonn pou pote l’ sekou.

Si yon nonm kontre ak yon jenn fi ki tifi lakay papa l’, ki poko fiyanse, epi li kenbe l’, li fòse l’ kouche avè l’, si yo bare yo nèg ki te kouche avèk fi a va gen pou l’ bay papa fi a senkant pyès ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fòse l’ kouche avè l’. Li p’ap janm ka divòse avè l’ jouk li mouri.

Li klè nan istwa sa, labib rekonèt kadejak tankou yon move bagay. Pinisyon l se lanmò; lwa talyon an se je pou je, lanmò pou lanmò; kalte pinisyon sa vle di kadejak la konparab la ak yon zak asasinay e defèt vèsè a di klèman se tankou yon gason ta touye yon lòt gason. Men premye bagay ki retni atansyon, se kijan kadejak la defini epi sitou tout kondisyon ki dwe reyini pou viktim lan konsidere tankou yon viktim ki dayè dwe tifi.

  • Si l fiyanse, fòk li rele anmwe mande sekou pou moun tande l vin delivre l; sinon se paske l te vle sa, rizèz ki nan kò l. Lapide l ak tout nonm ki “kontre” ak li a. Si l andeyò, moun pa t ka tande l, se pa fòt li. Se mesye a sèl ki pou mouri.
  • Si l kay papa l toujou, li poko fiyanse, epi yo bare nonm ki “kontre” ak li a; l ap blije rete marye tout lavi l ak moun ki fè kadejak sou li a pandan kadejakè a ap bay papa a 50 pyès ajan pou dedomaje l pou byen sa li pèdi a.

Yon lòt bagay ki grav ankò se fason, nan tout diskisyon sa se pa kadejak la ki pwoblèm nan, se sèks anvan maryaj. Se pou sa lè tèks la asime fanm nan bay konsantman l, pinisyon l se lanmò; lè tèks la admèt kadejak la, pinisyon kadejakè a se marye l oblije marye ak viktim lan, san l pa janm ka divòse ak li jouk li mouri. Sèl lè kadejakè a riske mouri se lè fanm nan fiyanse, sa vle di s on lòt gason ki te gen kondisyon pran vijinite l; se pou kalte pèmèt sa, kadejakè a mouri. Kijan n konn sa? Vèsè anvan yo, soti 12 rive 21, se sou mari ki ta vle kite madanm yo epi di lè yo te marye fi a pa t tifi; konsa paran yo ka montre dra maryaj la pou pwouve se pa vre.

An Ayiti, s on pratik nou te genyen – yo di m li la toujou kèk kote menmsi m pa gen chans verifye l mwen menm. Jou swa nòs la, paran fi a prepare bèl dra blan, mete sou kabann marye yo, pou demen maten yo ka leve l montre devan kominote a pou tout moun wè pitit fi yo te vyèj lè yo te marye l. Si pa gen san, yo vide kola rezen nan yon moso pen epi viv ak lawont yo. Natirèlman, pa gen ankenn bagay konsa ki prevwa pou teste vijinite gason an. M p ap menm rantre nan lefètke fè bagay pou premye fwa pa vle di san ap vide sou kabann; se pa yon bèf y ap kòche, men sa s on lòt deba.

Pou rann koze prezève vijinite pou mari a pi evidan toujou; vèsè 20 nan tèks la di jis lapide madan marye a nou fini. M ap li pou moun k ap koute n yo:

Si nou bare yon nonm ap kouche ak yon madan marye, yo tou de fèt pou mouri, ni nèg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n’a wete bagay mal k’ap fèt nan mitan nou


Souzantandi; si l marye, kijan fè nèg jwenn li pou “kontre” avèk li. Oubyen petèt, menm jan sa ye na kèk zòn nan peyi a, li fin vann li fin achte, li pa tifi ankò, yo pa ka fè kadejak sou li. Pou moun sa yo, kadejak se bagay ki fèt sou fi ki tifi.

Sa tou ban m posibilite raple, nou genyen yon istwa kadejak ki fèt sou fanm ki pa tifi nan Bib la. Ou te kòmanse emisyon an, Alain, ak yon tantativ vyòl kolektif. Gen yon lòt kote nan Bib la istwa a prèske menm, sofke fwa sa, kadejak la fèt. Se nan Jij Chapit 19 ki rakonte kadejak ki fèt sou fanm kay yon moun Levi. Menm jan ak nan istwa Lòt la, abitan vil la vin mande yo ba yo vizitè pou yo fè kadejak, moun Levi a ki te vizitè a remèt yo fanm kay li a pito. Tout mesye yo pase sou li, ji solèy leve, yo kite l pou l mouri. Mari a pran kadav la, li mete l sou bourik li, l al lakay li. Lè l rive, li dekoupe kò a an douz moso, voye yon bout bay chak tribi Izrayèl yo. Sa te choke tout peyi aq ki te leve al pini vil Gibeya kote sa te fèt la.

Nan Texts of Terror, ki te pibliye an 1984, teyolojyèn feminis Phyllis Trible, analize sa k pase nan Jij chapit 19 la. Li raple, m ap tradui dirèkteman soti nan angle a, kidonk si kreyòl la pa fin yès nou va eskize m.

Mizojini egziste nan tout tan, nan peryòd pa nou an tou. Vyolans ak vanjans pa yon bagay tan lontan, anvan kretyen; yo la avèk nou, nan kominote eli a, jodi a. Jiskounye nou toujou wè fi tankou yon objè, yo kaptire, trayi, vyole, tòtire, touye, rache moso pa moso epi dispèse tout kote. Pou n pran ansyen istwa sa oserye, li enpòtan pou n admèt li s on reyalite toujou.


Yon lòt teyoljyèn feminis ki ekri sou banalizasyon vyolans sou fanm nan labib se Pamela Cooper-White, yon pretrès nan Legliz episkopal ki, nan lane 1995, te ekri The Cry of Tamar: Violence Against Women and the Church’s Response. Tamar se pitit fi wa David; demi-frè li, Amnon, fè kadejak sa sou li. Cooper-White ensiste pou raple se istwa viktim lan ki dwe enterese n pa kijan papa l David, frè l Absalon ak lòt frè li Amnon jere sitiyasyon an. Malerezman, nan istwa a, kadejak ki fèt sou Tamar la, imilyasyon li sibi lakòz sa, tout sa se pou sèvi pou jistifikasyon desizyon Absalon pran pita pou l touye Amnon.

Pou Cooper-White, istwa sa dwe sèvi pou Legliz la aprann nesesite pou yo sispann ak tandans padone moun ki komèt zak sa yo pandan viktim yo ap soufri. Dayè, te gen yon pati nan mouvman #MeToo denonsyasyon agresyon seksyèl yo ki te espesifikman sou agresyon kretyèn yo ap sibi nan Legliz yo ki yo menm kase fèy kouvri sa…


Vous pouvez écouter tous les épisodes du podcast ici:

Pawòl anndan kay ki ankouraje kilti vyòl Koze Kilti Vyòl

Robert-Joseph Pothier se te yon moniman nan doktrin dwa Lafrans. Travay li te enspire anpil jiris nan lòt peyi tankou Etazini menm jan ak nan peyi pa li, Lafrans. Moun ki te ekri Kòd Napoleyon yo – ki te baz kòd sivil pa nou an Ayiti – te baze yo anpil sou travay li. Nan travay sa te genyen yon Traité du contrat de mariage et des droits respectifs des époux – pibliye an 1771 – ki eksplike kijan moun marye dwe aji youn ak lòt: Se pou fanm pran pasyans devan movèz mannyè mari li, menm si l ap maltrete l, se yon kwa Bondye voye ba li pou ekspedye peche l. Nan senkyèm epizòd la sou pawòl labib ki ankouraje kilti vyòl nou te wè kijan efektivman, nan Lajenèz Bondye te kondane fanm pou soufri anba men mari l e kòm nou te wè tou kijan relijyon enfliyanse tout lòt kalte domèn sa pa etone n. Jiskounye, nan Legliz yo, nan kominote nou yo, nou kontinye ap ankouraje madanm fè pwofil ba, rete ak mari yo, nan nenpòt ki kondisyon. Lakay yon moun ta dwe yon espas kote l ka viv an pè ak fanmi l, ak moun ki renmen l. Yon espas kote tèt li ta dwe repoze men, souvan, pou medam ak tifi yo sitou, se yon espas kote soufrans lan dotanplis di, li kache dèyè mi. Dapre yon ankèt Haïti Priorise sou vyolans konjigal, chak ane, gen anviwon 273 200 fanm ki soufri vyolans fizik oubyen seksyèl grav, an Ayiti. Pami fanm sa yo, gen madanm, gen pitit fi, men tou gen sèvant ak restavèk. Vyolans anndan kay se yon bagay ki andemik, nou tout konnen li la men nou souvan fèmen je sou li. Youn nan fason nou fè sa se nan langaj nou, fason nou banalize sa ki fèt la: yon mari gen relasyon ak madanm li san konsantman madanm nan, se pa kadejak, se devwa madanm lan. mèt kay gen relasyon ak yon sèvant sou menas pèdi dyòb li, se pa kadejak, se sèvant ki pa bon; madan marye yo dwe fè atansyon pou chwazi sèvant ki pa “bèl” pou mari yo pa tante. pitit kay gen relasyon ak yon tifi restavèk li menase fè voye ale, se paske s on ti chòrèt pou n ta voye tounen al pase mizè kay manman l an pwovens Nou gen tout kalte jistifikasyon pou refize mete blam sou do moun ki komèt enjistis la, moun ki fè kadejak la, pandan nou pa ezite blame viktim lan jouk li konprann aklè li non sèlman pa gen dwa men li sitou pa gen enterè plenyen. Se sou aspè sa kote fason nou pale, ankouraje vyolans k ap fèt anndan kay, envite nou, Donia Luc pral pale ak nou. Nan peryòd fen dane sa kote fanmi yo pral retwouve yo ansanm, kote tonton ki te konn ap manyen nyès li lè l te piti, mari k ap bat madanm, bòpè ki fè kadejak sou bofis, pral retwouve yo tout sou menm tab la, nan peryòd fen dane sa, se moman pou n deside #PaFèSilans. *** Patisipe nan konvèsasyon an nan kozekiltivyol.com/s01e10
  1. Pawòl anndan kay ki ankouraje kilti vyòl
  2. Pawòl komedi ki banalize vyòl
  3. Pawòl nan sinema ki ankouraje kilti vyòl
  4. Pawòl nan mizik ki banalize vyòl
  5. Kèk pawòl nou konn tande nan medya e ki patisipe nan kilti vyòl
Aller à la barre d’outils