Shalom ! Jodi a nou kòmanse ak yon nouvo kalte biyè sou relijyon ak sosyete, n ap pibliye li chak dimanch a 2zè sou blòg sa a jouk nou pa pwopoze mwen okenn sijè oubyen jouk mwen pa gen anyen pou mwen di sou sa ankò. Se premye fwa mwen ap lanse yon seri sou la loi de ma bouche, m ap bezwen kout men nou pou li mache. Se yon fason pou mwen di nou se nou k ap fè seri sa a mache. Alòs pa bouke mete men ak mwen.
Sa pèmèt mwen rantre nan sijè jodi a ki se : levanjil pwosperite a espesyalman doktrin « seed faith » la (semans lafwa) ki se baz yon ekonomi mirak kote kantite lajan w se kantite mirak w ap jwenn. Sijè jodi a vle reponn remak Soeu Rette RigoDon fè sou Fesbouk sou sa ki ta yon dezenterè bò kote jounalis yo sou kesyon sa a. Soeu Rette RigoDon te swete pale ak youn ladan yo men se pa objektif ribrik sa a, objektif la se pito diskite sou danje ki gen nan relijyon an Ayiti men nan tout mond lan tou.
Sou blòg la, nou pral pale sou transfòmasyon relijyon yo, sou miltiplikasyon òf la, sou fenomèn radikalizasyon ak enplikasyon retounen Bondye retounen nan espas piblik la sou kesyon idantite a. Nou ap diskite sou anje politik ak jiridik, teyokrasi ak dekonfesyonalizasyon. N ap diskite yon tikras sou sosyoloji, istwa, antwopoloji, sikoloji epi n ap fè anpil politik. Mwen tanmen seri sa a avèk kesyon RigoDon an paske, erezman, li byen chita refleksyon an anndan yon sosyete neyoliberal kote fetichis lajan an sanble atenn maksimòm li ; lajan louvri tout pòt, menm pòt lagras.
Kèk jou aprè mwen fenk tounen Ayiti, nan fen ane 2010, mwen t ap diskite ak yon gwoup moun k ap fè biznis (fanm ak gason) sou opòtinite envestisman Ayiti ofri. Se te aprè goudougoudou e anpil moun – kèk John Kennedy chinwa ki pa t konn si se sa yo ye – te vin chache plen pòch yo nan kriz sa a. Akòz degoutans men tou granmesi konviksyon m, mwen ba yo lide envesti nan bòlèt ak legliz. Mwen fè yo konprann moun yo bezwen espwa, e se de bagay sa yo ki ka bay espwa , epi envestisè yo p ap pèdi anyen nan sa. Yo te wè kè m twò di – poutan kè yo te pi di pase m- men youn ladan yo te lage kò li nan bòlèt e li reyisi. Shalom Tabernacle de Gloire, ak lòt inisyativ, yo menm yo te pran pati relijyon an pou yo.
Fenomèn sa a pa fenk vini. Yo souvan idantifye premye tras li nan revivalis relijye peryòd aprè-gè a sou yon Etazini kote moun t ap chèche bay lavi yon sans. Mouvman karismatik la, espesyalman atravè renouvèlman epi ranfòsman kwayans nan gerizon mirak yo, te pèmèt yo jwenn sans sa a jouk yo rive genyen 500 milyon fidèl nan mond lan. An Ayiti, aprè Divalye fin tonbe, mouvman karismatik la te vin ap vale teren. Lè yon sosyete sibi yon chòk , relijyon pi fasil taye banda. Se sa plizyè dizèn ane rechèch nan sikoloji relijyon, ki t ap chèche konprann rezon ki fè moun vin/rete relijye, rive konkli.
Plis gen ensètitid, plis konfizyon ak dout fè pati evènman yo ak reyalite a, se plis moun ap chèche bay lavi sans pou yo ka fè fas ak sitiyasyon sa yo; relijyon vin tounen remèd ; li vin fonksyonèl. [Se konsa] sitiyasyon tankou kriz pèsonèl (lanmò yon pwòch , maladi grav, echèk, soufrans, fristrasyon) pouse moun chèche bay lavi sans e fè moun (swivan karaktè nou ak ediksyon nou) nou pran desizyon konkrè sou kesyon relijye yo tankou lapriyè oswa antre nan yon gwoup relijye. (Vasilis Saroglou, Psychology of Religion and culture, 2011)
Nou souvan sezi sou jan tele-evanjelis tankou Pastè Mako, Miskaden ak lòt yo fè lajan byen fasil e byen rapid. Poutan bagay la pa pi konplike pase sa. Yo konprann gen opòtinite fè lajan nan sitiyasyon fidèl yo ap viv la. Aprè, yo nik gen pou bay yon mesaj ki kapab fè biznis lan rantre plis. Lajan sa a pèmèt yo achte lè nan televizyon, epi achte yon chèn televizyon e/oubyen yon estasyon radyo, bati yon legliz ki pa janm fin bati, e menm bati lekòl , inivèsite , lopital epi kreye pwodwi pa yo, tout bagay sa yo se pou jwenn plis fidèl, plis kliyan sa ki vle di fè plis lajan.
Levanjil richès la se mesaj sa a li te ye. Tankou se yon plan yon bon « marketeur », li te senp : Richès ou depann de sa ou ap bay Bondje. Konsa, sa ki vle jwenn plis dwe bay plis. Tèks fondatè yo esplike sa byen. Liv The keys of Prosperity Evelyn Wyatt la, The laws of Prosperity Kenneth Copelandn lan oubyen tèks Granville Oral Roberts ki se premye evanjelis epi fondatè mouvman sa, nan The Miracles of Seed-Faith montre Labib tankou yon liv Bondje bay pou ede nou jwenn bonè sou latè. Men sa ki rèv ameriken an, yon rèv tout moun ka jwi, li fèt ak yon defans anraje melanje ak endividyalis. Ou nik dwe bay Letènèl epi tann sa li menm l ap ba w la. Epi Pastè a li menm de pon ki nan mitan ou menm ak Bondje a
Tout cham resèt sa a chita nan yon bagay nou abitye ak li. Legliz te toujou resevwa ladim. Se yon devwa pou kretyen an :
Tout dim latè , swa nan rekòt latè, swa nan fwi pyebwa yo, se pou Letènèl ; se yon bagay sakre pou Letènèl. Si yon moun vle repran yon bagay nan dim li an, l ap mete yon senkyèm sou li. Tout dim kit li gwo bèt kit li piti, nan tout sa nou plante ap gen yon dim pou Letènèl. Nou pa bezwen konnen si li bon oubyen pa bon, ni nou pa bezwen pran lòt mete nan plas li. Si nou vle chanje yon bèt, ni sa nou ta vle chanje a, ni sa nou ta renmen bay nan plas li a, tou de va pou Seyè a. (Levitik 27 : 30-33)
Se pa sèl dim levit yo ki pou Bondje. Gen yon dezyèm dim ki se lè fèt ( Detewonòm 12 : 10-18) , yo mennen festen an nan tanp lan epi fidèl, fanmi, sèvitè ak sakrifikatè yo manje li. Gen dim pòv (Detewonòm 14 :28-29), yo pran sa yo sou rantre ki fèt sou twazyèm ane an ki al jwenn Levit yo, etranje yo , vèv yo ak san fanmi yo.
Se te sou Lalwa men, menm sou Lagras –malgre Jezi peye dèt yo- yo toujou mande kretyen yo fè don legliz la tanzantan. Gen yon rezon materyèl lè yo mande sa- fòk batiman yo rete kanpe, peye moun k ap travay elt – men tou gen yon rezon espirityèl , se yon fason pou fè sonje tout bagay se pou Seyè a e se gras li fè nou. Si li pa fè chich ak nou, nou pa ka fè chich ak li.Bondje touye Anania ak Safira paske yo te pran sou lajan ki te dwe pou Tanp lan, (Travay 5) men se dezyèm epit Pòl nan Koretyen ki montre nou sa pi byen:
Sonje, sila ki pa plante anpil p ap rekòlte anpil, e moun ki pa bouke plante p ap janm sispann rekòlte. Se pou chak moun bay selon kè yo, san lapenn ni presyon; paske Bondje renmen sila ki bay ak kè kontan. Bondje ka beni w jouk ou gen plis pase tout sa w te bezwen, e nou ap menm jwenn pou nou fè zèv, jan sa te di a: Bondje tèlman bay, menm endijan jwenn ; Mizèrikòd li p ap janm fini. Bondje bay moun k ap simen grenn pou li simen ak pen pou li manje, la ban nou tou sa nou bezwen pou simen e la va ogmante benediksyon nou (2 Koretyen 9 ; 6-10)
Tele-evanjis richès yo fè dap piyanp sou lide sa a epi fè l tounen yon medikaman. Ta sanble se nan yon revelasyon Jezi te bay Oral Roberts sekrè pou li fè mirak (op.cit., p. 28). Men sekrè a :
Konnen se sèl Bondje ki tout ou. (Jenèz 1 ;27)
Bay pou ka jwenn (Lik 6 :38 ; Matye 7 :7)
Tann gras la . (Jan 2 : 7-8)
Se menm plan sa a, anpil pastè nan mond lan swiv lè y ap preche sou lavi pou tout tan (abundant life) ak sou richès. Se modèl sa a tou nou genyen nan peyi a depi 12 Janvye e ki byen chita. Poutan, menm Jezi pa te gen kote pou li dòmi (Lik 9 :5-7) e te menm mande disip li yo pou kite tout byen latè pou yo ka swiv li (Mak 10 :29)
Poutan machann mirak nou yo souvan fè sonje gen yon gwoup moun Jezi te konn ap di moun li yo pou yo veye : « farizyen yo » yo ki te konn ap kraze kay vèv yo e ki konn ap pran pòz fè priyè men longè» (Matye 23 : 14). Nan nouvo kontra a, yo pale de pinga sa a anpil :
Te gen fo pwofèt nan mitan pèp la, e konsa ap gen fo doktè tou nan mitan nou, yo pral vin ak de vye sèk , pandan y ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo a, y ap rale malediksyon sou yo. Anpil pral swiv yo nan chemen divizyon an, akòz moun sa yo yo pral pale chemen laverite a mal. Akòz yo ava , yo pral esplwaste nou nan ban nou yon bann manti, nanpwen chape pou yo, yo gentan jije. (2 Pyè 2: 1-3)
Moun konsa yo p ap sèvi Kris la, Seyè nou an men se vant yo y ap sèvi; yo ap sedwi kè inosan yo nan achte figi yo epi nan bèl pawòl (Women 16:18)
Avèk anpil vye diskisyon pa itil, moun lespri vire lanvè sa yo ki nan fènwa kwè sèvi Bondje se yon fason pou fè lajan.(Timote 6:5)
Bon dimanch
Version originale : « שָׁלוֹם« . Publiée le 6 août 2017 par @patriciacamilien.
Laisser un commentaire